Vizyon nou

Vizyon Resous Anabatis se prezante Levanjil Kris la nan monn lan epi fè pwomosyon pou li. Nou rekonèt gen bagay nan lavi ki pa janm chanje, tankou kado delivrans Bondye bay la, ak dezi Li pou pitit Li yo obeyi Li; men gen bagay nan lavi ki chanje, tankou teknoloji. Se poutèt sa nou vle sezi okazyon reny dijital sa a ban nou pou nou prezante moun ki ap chache Bondye yo Bondye ki p ap janm chanje. Se dezi Resous Anabatis pou l bati yon rezo kolaboratè, editè, tradiktè, revizè kontni, eksetera pou mete tèks evanjelik nan men moun ki vle sa. Nou kwè atravè entènèt ak tèks dijital, n ap ka rive nan kote li difisil e menm enposib pou n ta rive ak tèks ki enprime, akoz lalwa peyi a oubyen akoz distans kote zòn nan ye a tou senpleman. Nou vle bay bon materyèl ki chita sou Labib pou bay moun ki ap chache laverite yo direksyon ak konesans pou n ankouraje Kwayan lakay ak Kwayan aletranje.