Diyite lavi se yon bagay k’ap disparèt nan lemonn kote n’ap viv jodi a. Yon fenomèn kèk moun renmen rele « kilti lanmò a » sanble l’ap grandi pi plis dejouwanjou. Men youn nan pozisyon yo ki fondamantal pou « kilti lanmò a » : Lòm genyen dwa deside kijan l’ap mouri epi kilè l’ap mouri. Yo di lòm se granmoun tèt li, epi konsa desizyon lanmò a se afè pa l’ li ye. Lide sa yo se filozofi imanis la nan dènye degre l’.
Avèk èd Bondye, nou vle egzaminen filozofi sa a k’ap fè fas avèk nou jounen jodi a. Nou vle konprann kijan pozisyon mechanste sa a atake tout prensip yo Kreyatè a te etabli pou kreyasyon Li.
Divès Aspè Ki Genyen Nan Kilti Lanmò a
Avòtman
Nan peyi Etazini, moun k’ap kontwole bagay sa yo fè nou konnen genyen senkantsenk (55) milyon bebe yo avòte nan peyi a depi lanne 1973. Pou ede nou konprann chif sa a, ann konpare l’ avèk popilasyon kèk peyi. Senkantsenk (55) milyon moun depase popilasyon peyi Gwatemala, peyi Ondiras, peyi Salvadò, peyi Nikaragwa, peyi Kostarika, epi peyi Panama tout ansanm. Epi senkantsenk (55) milyon bebe sa yo ki pèdi lavi yo depi nan vant manman yo se sèlman andedan peyi Etazini ; anpil lòt peyi gentan deklare zak sa a legal. Menm nan peyi Lamerik Latin yo kote avòtman pa legal, ou ka twouve anpil klinik k’ap fè avòtman an kachèt.
Dejouwanjou, lemonn pi fasil asepte pratik sa a kote yo asasine yon bebe inosan depi nan vant manman l’. Pou jan teknoloji avanse, doktè yo jodi a gen kapasite pou yo sove anpil tibebe ki fèt anvan tèm. Pandan y’ap sove yon pòsyon, y’ap fè operasyon pou touye yon lòt pòsyon ki nan menm nivo devlòpman an. Poukisa yo fè gwo efò pou sove youn pandan y’ap touye lòt ?
Doktè Ki Ede Pasyan Touye Tèt Li (Swisid Asiste)
Anviwon vennsenk (25) ane pase, plizyè peyi te kòmanse dakò pou yon moun mande doktè l’ pou li ba l’ yon preskripsyon ki va pèmèt li mete fen nan pwòp lavi pa l’. Lide a te kòmanse avèk moun ki te malad grav epi nan gran soufrans. Yo te wè l’ kòm soulajman. Jodi a, genyen moun ki pwofite itilize menm metòd sa pou mete fen nan lavi yo menmsi yo nan bon sante. Yo pè vin granmoun, epi yo deside mete bout nan pwòp lavi pa yo a konsa konsa.
Nan peyi Etazini, yon doktè ki te rele Dr. Jack Kevorkian (yo te konn rele l’ Doktè Lanmò) te kòmanse rann sèvis sa a pou moun malgre bagay konsa pa t’ legal nan peyi a. Li te admèt li te gentan ede plis pase 130 moun touye tèt yo depi li te kòmanse rann « sèvis » sa a nan lanne 1990. Leta a te kondane doktè a pou l’ fè dis (10) jiska vennsenk (25) ane nan prizon paske ak pwòp men l’ li te bay medikaman yo, epi sa k’ pi mal toujou, li t’ap filme tèt li pandan li fè sa. Apre wit (8) ane nan prizon, yo te lage l’ avèk kondisyon li pa konseye moun fè swisid, ni li pa patisipe nan bagay konsa. Yo pa t’ dakò pou li prezan si yon moun t’ap fè sa. Yo pa t’ dakò pou li pale ak moun sou sijè sa a. Doktè a te mouri nan lanne 2011. Men, poutèt enfliyans pa li ansanm ak yon bann lòt moun ki te wè bagay yo menm jan avè l’, lemonn te gentan chanje direksyon. Jodi a nou wè lemonn ap glise desann sou yon pant. Nan peyi Etazini, deja genyen senk (5) depatman ki gentan vote pou di yo dakò si yon doktè vle ede yon moun touye tèt li.
Yon jounal ki rele USA TODAY te pibliye istwa yon mis nan peyi Angletè ki rele Gill Pharaoh. Mis la te deklare fòk li genyen dwa touye tèt li. Leta Angletè a pa t’ dakò. Konsa, mis la janbe fwontyè pou li ale nan yon klinik nan peyi Laswis ki konn ede moun touye tèt yo. Nan peyi Laswis, pratik la vin tèlman popilè yo gentan vini ak yon non espesyal pou moun yo k’ap antre nan peyi a pou sa menm. Yo rele yo « touris swisid. » Sèl rezon mis la te ofri pou esplike poukisa li te anvi touye tèt li se paske li pa t’ vle vin granmoun, li pa t’ vle fè fas ak pwoblèm ki genyen lè ou avanse nan laj.
Moun toupatou kòmanse dakò ak lide sa a ki di yon moun genyen dwa mete fen nan lavi li legalman. Jan lide sa ap mache ak yon vitès se yon bagay ki pou twouble nou. Dejouwanjou pòt la ap ouvri pi laj pou moun deside kijan epi kilè yo vle mouri.
Touye Moun Pou Evite Soufrans – (Etanazi)
Pafwa « touye moun pou ede yo evite soufrans » vin mele avèk « swisid asiste. »1 Etanazi fèt lè se yon lòt moun ki poze aksyon an, swa avèk yon piki osinon yon lòt metòd, avèk entansyon pou mete fen nan lavi moun lan. Etanazi kapab volontè osinon envolontè. Poutan, swisid asiste se moun lan pou kont pa li ki regle afè l’.
Andedan sa nou rele etanazi ou ka jwenn ka kote moun anlè yo kòmanse deside mete fen nan lavi yon moun, paske moun lan genyen pwoblèm mantal osinon pwoblèm fizik. Moun anlè yo ka annik deside Entèl pa yon benefis pou sosyete a, epi yo deside elimine li pito. Nan lanne 1939 epi 1940, anba lòd Adolf Hitler nan peyi Almay, yo te sèvi ak etanazi pou elimine anviwon 70 000 moun avèk defo fizik oubyen maladi. Nazi yo te annik klase yo kòm « moun ki pa merite viv, » epi yo te toufe lavi yo tout nan divès lopital nan peyi a. Malerezman, vye pratik sa a pa t’ disparèt ansanm avèk Nazi yo nan peyi Almay.
Nan peyi Peyiba, yo te legalize etanazi volontè nan kòmansman syèk sa a. Kounyeya, moun yo nan peyi sa a gen dwa chwazi lanmò depi yo bouke viv. Nan yon peyi ki genyen sèlman disèt (17) milyon moun konsa, chak ane anviwon 4 829 moun chwazi mouri pa etanazi. Sa vle di, nan chak ventwit (28) moun ki mouri nan peyi sa a, genyen youn ki fè sa volontèman. 2, 3Pi mal toujou, jenn moun genyen dwa sa kounyeya. Yon adolesan douzan jiska kenzan ki genyen pèmisyon paran l’ kapab mande lanmò. Depi jenn moun lan genyen sèzan, li kapab pran desizyon sa depi paran li yo « enkli » nan koze a (menmsi yo pa fin dakò). Poukisa n’ap fè fas avèk gran lavalas lide kwochi sa yo epi tout vye pratik kwochi sa yo jodi a ? Sa n’ap gade a se etik ak prensip ki tòde byen tòde. Yon bèl egzanp se yon ka ki te pase nan peyi Espay. Yon mis Espanyòl te tounen sòti ann Afrik paske li te enfekte avèk viris la yo rele Ebola. Se yon viris moun pè anpil anpil. Kòm prekosyon, chèf yo te deside touye chen mis la paske yo te sispèk chen an te enfekte tou. Moun te pran lari pou manifeste pou dwa chen an. Yo pa t’ dakò pou chen an mouri. Sepandan, nan peyi Espay chak ane, genyen plis pase 110 000 bebe yo avòte chak ane. Sa vle di avèk chak senk (5) minit ki pase, yon bebe gentan pèdi lavi li nan men doktè avòtman yo. Y’ap touye bebe ak je chèch, epi yo pran lari pou defann dwa chen. Poukisa bagay yo tèt anba konsa ? Se rezilta lide yo k’ap travay nan tèt moun jounen jodi a.
Kwayans Detèmine Ki Direksyon Yon Moun Pran
Nou deja wè ki rezilta ki ka vini depi moun anbrase yon seri lide ki gen tandans mennen yo byen lwen. Vye panse sa yo ansanm ak vye konsekans terib yo va kontinye dejenere paske genyen ogmantasyon nan vye kwayans k’ap degaje. Sèl bagay ki ka afekte yon chanjman se si moun yo repanti pou fo kwayans yo epi retounen kote Bondye.
Kwayans Ki Te Mennen Nou Nan Kilti Lanmò Sa a :
Genyen omwen twa (3) sous oubyen twa (3) rasin k’ap pwovoke gran chanjman sa yo nan kilti modèn lan. Touletwa genyen rapò pwòch youn ak lòt, jouk nou mal pou detèmine kilès ki vini anvan epi kilès ki pi enpòtan.
1. Otonomi Pèsonèl oubyen Endepandans (Chak moun granmoun tèt li)
Lè nou pale sou otonomi pèsonèl, n’ap di chak moun se mèt egzistans pa li, epi li se mèt tout desizyon li yo. Selon filozofi sa a, chak moun chache endepandan. Ou dirije lavi ou avèk kèsyon konsa : « Kisa m’ pi renmen ? Kisa ki pi fè m’ byen ? Kisa ki satisfè m’ ? » Pozisyon sa a kondwi moun pou yo fè sa yo pito san yo pa reskonsab devan pèsonn pou konsekans aksyon y’ap poze yo. Otonomi pèsonèl sa a gentan devni yon zidòl modèn. Kilti modèn lan ap degrengole desann rapidman paske anpil moun kouri anbrase kalite panse sa yo.
Men, Bib la genyen bagay Li di nan koze sa a. Nan 2 Timote 3.1-5 nou wè ki kote lide sa yo va mennen nou. Se Bondye ki te enspire pasaj sa a : « Men, konnen nan dènye jou yo, tan terib pral vini. Paske, lèzòm ap renmen tèt yo… Y’ap renmen plezi pito, pase yo renmen Bondye. » Li ban nou yon lis ki pou ede nou rekonèt kijan moun ki kwè nan otonomi pèsonèl pral ye : « Y’ap renmen lajan. Y’ap grandizè. Y’ap awogan. Y’ap denigre moun. Y’ap rebèl ak paran. Y’ap engra. Y’ap fè sakrilèj. Y’ap san lamou pou pwochen yo. Y’ap san pitye. Y’ap malpalan. Y’ap san kontwòl. Y’ap brital. Yo p’ap renmen sa ki byen. Y’ap trèt. Y’ap fè kòlè fasil. Y’ap gen ògèy. Y’ap renmen plezi pito, pase yo renmen Bondye. Se sou fòm sèlman, y’ap genyen devosyon pou Bondye. Men, lavi yo ap nye pisans lan… » (Bib Kreyòl La).
Èske sa pa yon foto vye kondisyon lemonn jounen jodi a ? Prèske chak òganizasyon e chak gwoup moun genyen yon bi pou yo resevwa tèl benefis. Pifò moun ta di sa ki pi enpòtan nan lavi sa a se pou ou santi plezi nan sa w’ap fè epi pou ou resevwa benefis « ou merite » pou sa ou fè a. Fokis la se satisfaksyon tèt yo anvan tout. Yo pa menm bezwen konnen kòman sa va afekte lòt yo. Zafè lòt yo ! Men, otonomi pèsonèl vle di ou retire Bondye sou pozisyon Li merite kòm Wa Souvren epi Kreyatè. Se Li menm ki genyen tout dwa pou Li di nou kijan nou dwe viv. Nou se kreyasyon L’. Li merite pou nou rete fidèl avè L’.
2. Evolisyon
Jodi a nan prèske tout enstitisyon edikasyon yo, y’ap fè ou konnen nou tout se rezilta yon gran aksidan kosmik. Avèk gwo bri epi anpil kouraj yo rechte egzistans yon Kreyatè ki se Otè tout bagay ki egziste. Yo refize asepte dwa Bondye kòm Kreyatè pou pale sou kijan nou dwe viv. Yo inyore tout prèv yo ki pale nan lanati epi ki egzije nou asepte epi kwè nan yon Èt Siprèm ki planifye epi ki jere tout bagay.
Lakay lòm genyen yon bagay. Espirityèlman nou konnen fòk genyen yon Èt Siprèm ki reskonsab tout bagay. Pami gwoup moun ki poko janm tande anyen ditou nan Bib la, ou ka twouve yo rekonèt egzistans yon èt siprèm kanmenm. Sa fè pati kwayans yo. Bib la fè nou konnen nan lanati nou kapab konnen Bondye egziste (Women 1.20-21). Sa vle di, nou pa mèt tèt nou pou n’ mache fè sa n’ pito. Nou gen reskonsabilite pou n’ soumèt tèt nou devan Sila ki te fè nou, devan Bondye vivan an. Depi nou asepte teyori evolisyon an pou esplike kote nou sòti, nou rechte Bondye kòm Sila ki Souvren epi ki genyen dwa pou gouvènen lavi nou yo. Nou chavire twòn Li. Anpil moun dakò teyori evolisyon an paske se chemen sa ki pi fasil pou yo. Yo mete nan tèt yo si evolisyon se verite, yo pa gen okenn kont pou yo rann devan Bondye ki Toupisan. Men sa Apòt Pòl anseye : « Se poutèt sa, n’ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y’ap chache anpeche verite a fè travay li [sila yo ki deside inyore prèv Bondye egziste]. Bondye ap pini yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay Li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou : ki vle di, jan Li gen yon pouvwa ki p’ap janm fini, jan Li se Bondye tout bon. Se sa k’ fè moun sa yo pa gen eskiz menm [Ou pa oblije yon gran nèg lasyans pou ou konnen genyen yon Bondye ki te kreye tout bagay epi ki toupisan]. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou Li, yo pa di L’ mèsi jan L’ merite l’ la. Lekontrè, y’ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo [Malgre yo konnen verite a, yo refize admèt egzistans Bondye pou yo pa oblije soumèt devan Li]. Y’ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou » (Women 1.18-22).
Ann pran yon ti moman pou n’ analize kwayans moun evolisyon yo. Lè ou monte yon bis pou ale yon kote, ou byen konnen bis sa a pa egziste poutèt yon gwo eksplozyon ki te fèt nan izin kote li sòti a. Non ! Se fabrike moun yo te fabrike bis la andedan izin lan. Lè ou gade yon batisman ki lavil, li fasil pou ou imajine yon enjenyè ki te desine plan an ansanm ak bòs yo ki te poze chak blòk. Yon òlòj pa annik parèt konsa konsa. Pakèt ti pyès sa yo k’ap mache ansanm pa annik parèt epi tonbe nan plas yo sou chans jouk òlòj la kontinye di nou ki lè li ye pandan tout yon ane.
Bis la, batisman an, epi òlòj la se twa (3) egzanp kote lòm sèvi ak materyèl li twouve nan anviwònman an pou li fòme yon bagay ki itil epi ki parèt anfòm. Bib la fè nou konnen Bondye te fòme linivè a san anyen. Sa a se yon pwoblèm pou lòm depi li pa vle kwè nan yon Bondye ki chèf tout bagay, epi li pa vle kwè nan sa Bib la deklare. Anmenmtan, lòm pa ka di kote Bondye te jwenn materyèl pou li kreye linivè a. Pase pou li annik asepte sa Bib la di pa lafwa, lòm gentan fabrike yon bann teyori pou esplike egzistans linivè a. Poukisa bann teyori sa yo ? Se pa konplike. Se paske lòm pa dakò asepte reyalite sa a : Bondye te kreye tout bagay e nou va oblije rann Li kont yon jou. Se la a lòm pa dakò rive.
Kò moun pi konplike pase lòt egzanp nou te bay deja yo… ki vle di bis la, batisman an, ak òlòj la. Se vre tout bèt yo genyen lavi lakay yo tou, epi yo fè mouvman, epi yo repwodwi. Men, lè Bondye t’ap kreye lòm, Li te mete lakay lòm yon lespri epi yon konsyans ki kapab fè distenksyon ant byen e mal. Epi ankò, Bondye te kreye lòm nan imaj Li, e Li te mete souf lavi a nan lòm (Jenèz 1.26 ; 2.7).
Malgre sa, depi lòm te fè rebèl kont Kreyatè li a, lòm ap toujou plede envante divès fason pou li chape devan reskonsabilite li genyen an anvè Bondye. Apòt Pòl di konsa : « Y’ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou » (Women 1.22). Depi lòm rechte Bondye ak sa Bondye revele nan Bib la (ki se sèl sous ki merite konfyans), se nòmal pou sosyete a dejenere epi degrengole desann. Se sa k’ap fèt kanmenm.
Valè nou genyen kòm moun sòti nan Sila ki te kreye nou – Bondye Toupisan an – paske nou fèt nan imaj Li. « Bondye di ankò. Ann fè moun. N’ap fè l’ pòtre ak Nou, pou li sanble ak Nou. L’a gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. Bondye kreye moun. Li fè l’ pòtre ak Li. Li kreye yo gason ak fi » (Jenèz 1.26–27).
Bondye te trase yon gran diferans ant valè yon bèt epi valè yon moun. Nan Jenèz 9.3 ak 6 nou li sa a : « Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k’ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l’ tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak Li.» Lòm okipe yon plas anlè pami tout kreyasyon an. Se lòm ki fèt nan imaj Bondye, epi se lòm ki te fèt pou domine sou tout rès kreyasyon an. Poutèt sa, lavi lòm se bagay sakre, bagay ki presye. Bib la di lòm pa gen dwa mete fen nan lavi lòm parèy li. Se Bondye sèl ki genyen dwa kreye lavi epi toufe lavi. Depi lòm rechte verite sa yo, depi li refize soumèt devan Bondye jan Li devwale tèt Li nan Bib la, tout bagay pral vin pi mal pi mal. Depi lòm rechte Bib la, se tou nòmal pou n’ tonbe nan yon kilti lanmò.
3. Voye Jete Revelasyon Bondye a (Bib La)
Depi lòm rechte otorite Bib la, se deklare l’ap deklare tèt li lib. L’ap di li pa oblije genyen anyen sou tèt li pou gouvènen li. Lòm pa vle soumèt devan lalwa diven Bondye te etabli yo. Se paske soumisyon sa a va trase yon seri limit sou otonomi pèsonèl li tèlman swaf la. Lòm santi li jennen devan lalwa yo ki di : « Piga nou touye moun, » « Piga nou fè adiltè, » « Piga nou gen lòt Bondye pase Mwen menm sèlman, » paske dapre lòm, lalwa sa yo vyole dwa pèsonèl li yo.
Genyen moun ki di yon kilti ki san Bondye te tankou yon mato k’ap plede kraze dènye kwayans ki pa fè li byen. Rezilta a se yon gwo vid lakay lòm ki mennen anpil pwoblèm. Dejouwanjou peyi Lamerik Latin yo kòmanse tonbe anba enfliyans lòt peyi yo ki gentan rechte Bondye depi lontan. Se yon afè reyèl : sa ou kwè va manifeste nan sa ou fè. Nou pa kapab chape pou verite sa a. Kounyeya, ann gade byen kisa kwayans nou yo afekte :
Sila ki kwè nan Revelasyon Bondye a (Bib La)
- Li kwè nan Bondye kòm Kreyatè
- Li kwè Bondye te kreye lòm nan imaj Li, epi konsa lòm genyen valè ak diyite
- Li kwè Bib la ban nou volonte Bondye pou lòm
- Li kwè lòm reskonsab devan Bondye pou aksyon li poze yo
Sila ki rechte Revelasyon Bondye a (Bib La)
- Li kwè tout kreyasyon an se rezilta yon aksidan kosmik
- Li kwè lòm pa genyen valè ki inik ; Li kwè valè lòm egal ak valè bèt yo
- Li kwè lòm se bèt
- Li kwè chak moun ka fè sa yo pito epi sa ki byen ak sa ki mal sòti nan opinyon chak moun genyen
Rezilta Ki Mache Ak Yon Kilti Lanmò
Kounya la, nou ka we klè kijan yon kilti lanmò pran pye. Dabò, poutèt ògèy epi yon dezi pou otonomi pèsonèl, moun lan sezi volan lavi pa l’ nan men l’. Apre sa, li rechte Bondye kòm Sila ki genyen dwa kreye yon lavi epi mete fen nan yon lavi… li sezi dwa pou li mete fen nan lavi pa l’ ak nan lavi lòt yo. Alafen, li refize soumèt devan otorite Pawòl Bondye a, epi li bay tèt li dwa etabli pwòp moralite pa l’ epi deside sa ki kòrèk ak sa ki pa kòrèk pou kont li.
Chemen sa a diminye valè lavi a genyen. Li retire nan diyite a lòm genyen devan Bondye. Kòm rezilta, chak moun ap chache sèlman sa ki bon pou enterè pa l’, sa ki pa deranje libète pèsonèl li a. Selon tout istwa ki pase deja, depi kondisyon sa yo reyini sosyete a pral dejenere rapidman. Se tankou yon timoun ki desann sou yon glisad. Depi li lage kò l’, li mal pou kanpe nan wout. Men yon egzanp : Kilti lanmò sa a te derape nan peyi Peyiba kòm otorizasyon pou mete fen nan lavi moun ki te nan gran soufrans epi ki te san okenn espwa. Apre sa, moun te kòmanse asepte avòtman kòm bagay nòmal. Apre sa, etanazi te vin legal pou tibebe ki fèt ak defo nan kò yo. Apre sa, yo te bay timoun douzan dwa pou yo mande lanmò depi paran yo te dakò. Moun ki genyen sèzan te ka fè l’ san paran yo prèske pa ka di anyen. Aktyèlman la, y’ap mande pou leta desann laj sa yo pou moun ki pi piti toujou kapab deside mete fen nan pwòp lavi pa yo… legalman. Se glise y’ap glise. Se desann y’ap desann. Pandan y’ap desann, y’ap pran elan deplizanpli chak jou. Etanazi volontè pa twò twò lwen etanazi envolontè : kote moun ap genyen dwa elimine Entèl paske prezans li se yon fado.
Kilti lanmò a gentan pran pouvwa pou li eseye deside kilès ki gen dwa fèt epi kilès ki pa gen dwa fèt. Nan ka avòtman yo, se klè viktim lan pa jwe okenn wòl nan desizyon an. Pase pou yo pale klè pou di y’ap « seleksyone kilès tibebe yo pral touye, » yo renmen di y’ap « seleksyone kilès ki pi merite viv. » Konsa tou, moun ki merite anpil anpil swen toutan poutèt yon maladi oubyen yon kondisyon medikal, osinon moun ki annik pa vle viv ankò, yo kapab mande yon doktè kout men nan touye tèt yo. Gade pou wè. Sa pa twò lwen yon sityasyon kote leta osinon yon doktè va genyen dwa pou li deside Entèl pa merite viv ankò. Plis sosyete a ensiste sou yon « dwa pou moun mouri » lè yo vle, se plis n’ap mache anvè yon jou kote moun va gen « obligasyon pou yo mouri » depi se sa lòt yo wè ki bon pou yo. N’ap pale sou tout yon kilti kote lavi pa genyen diyite ankò. Lavi pa anyen espesyal. Se yon kilti kote yo rechte Bondye ki te kreye nou an, Bondye ki renmen nou.
Se yon sèl zam ki bon kont manti ak twonpri – se verite a. Se esansyèl pou pitit Bondye yo konnen Pawòl Bondye epi sa Pawòl la mande. Fòk nou byen konnen lalwa Bondye a pou n’ ka fè fas avèk yon kilti kote lavi pa genyen diyite ankò. Fòk nou devwe konplètman pou volonte Bondye epi pou Pawòl Li, konsa pou n’ pwoteje tèt nou kont manti yo k’ap mache sou moun jounen jodi a. Fòk nou konprann byen : sila ki rechte Bondye ansanm ak prensip Li yo ouvri pòt la pou tout kalite twonpri epi tout kalite bagay kwochi. Moun sa a pèdi fondasyon moralite a. Li p’ap genyen yon sans pou sa ki dwat ak sa ki vre. Li konplètman dezoryante, epi l’ap glise desann jouk li rive nan pèdisyon etènèl. Sèl bagay ki kapab sove nou lè sa a se repantans, se lafwa nan Bondye ak nan travay Jezi Kris te fè pou sove nou, se soumisyon devan direksyon Bondye a pou lavi nou. Si se pa sa, n’ap twonpe.
Nou menm, legliz Jezi Kris la, nou dwe kanpe fèm sou verite a ki nan Pawòl Bondye a. Nou ka oblije soufri lè lemonn vire do bay verite a. Sa byen posib. Èske nou dakò bay lavi nou pou verite a ? Èske nou pare si lemonn deside tout Kretyen merite mouri ? Sa te fèt deja nan istwa lemonn.
Nou gentan gade tout vye konsekans yo ki mache avèk yon kilti lanmò. Ann rete veyatif pou n’ rekonèt lè kwayans sa yo manifeste kote n’ap viv la. Se enpòtan pou n’ toujou sonje : depi moun anbrase fo lide sa yo, rezilta a se toujou esklavaj ak lanmò.
« Y’ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou » (Women 1.22). Pandan yo mete nan tèt yo se libere y’ap libere, an reyalite se nan esklavaj yo lage tèt yo.
—Arthur Nisly
- Genyen de (2) fason doktè konn ede moun mouri. Youn se swisid asiste. Lòt la se etanazi. Diferans lan se nan ki degre doktè a enplike. Swisid asiste se lè doktè a mete bagay disponib pou pasyan an touye tèt li. Pasyan an deside si li vle fè sa, epi lè li vle fè sa. Pou etanazi, doktè a jwe yon wòl aktif nan afekte lanmò selon direksyon pasyan an. Souvan se doktè a ki bay yon piki pou sa. Swisid asiste peze mwens sou konsyans doktè a. Se paske li pa lakòz mò a dirèkteman. Li annik mete yon seri bagay disponib pou pasyan an fè sa li deside fè avèk yo.
- Nan Peyiba, yon peyi ki toujou devan nan yon seri mouvman liberal, etanazi se yon bagay y’ap fè depi kèk tan, menm si lalwa a pa fin pale klè sou sa. Nan lanne 1984, pi gran tribinal la nan peyi a te deklare etanazi se yon zak aseptab li ye, depi doktè yo jere l’ avèk bon jan prensip. Malgre sa, selon lalwa sivil la, yon doktè ki patisipe nan bagay konsa te ka koupab. Nan lanne 2000, Palman peyi a te vote pou rann etanazi legal konplètman. Peyiba se te premye peyi a ki te fè sa. Moun ki fò nan sa estime genyen swasant (60) pousan nan lanmò sa yo ki pa menm anrejistre. Malgre sa, dosye leta yo montre se te 2 216 moun nan peyi Peyiba ki te mouri konsa sèlman nan lanne 1999. Pifò t’ap soufri kansè. Moun ki soutni pozisyon sa a di se bon kè ki fè yo dakò li. Yo dakò pou malad la mete fen nan soufrans li, epi pou li mouri ak diyite lè pa genyen espwa ankò. Yo fè konnen medikaman egziste kote moun fè moun rete vivan prèske san fen… menmsi yo nan vye eta mizerab epi san okenn espwa refè. Anpil moun ki etidye etik di se yon mal ou fè si ou kontinye pwolonje lavi yon moun si lavi li se doulè ak mizè ase.
- Peyiba, premye peyi ki te rann etanazi legal : Mwa pase, Peyiba te devni premye peyi a ki legalize etanazi-volontè. Selon nouvo lwa yo, yon doktè p’ap koupab si li tèmine lavi yon moun depi li gen konviksyon moun lan mande lanmò ak tout kè li epi nan bon tèt li, depi moun lan anfas soufrans ki va ensipòtab epi san fen. Fòk doktè a mete moun lan okouran sityasyon li a. Fòk yo deside ansanm pa genyen lòt posibilite ki rezonab. Epitou, fòk yon lòt doktè ankò egzaminen ka a epi rive nan menm konklizyon an.