Recursos Anabatistas Logo

Jan, Yon Evanjelis

Publicadora La Merced | лют. 17, 2026

Summary

Se te Anperè Domisyen ki te Egzile L' sou Zile Patmos, se te nan Lanne 97

Short Article

Jan se te yon apòt epi li te yon evanjelis. Li te pitit gason Zebede, epi li te frè Jak. Jan te fèt Nazarèt, epi metye li se te peche pwason (Matye 4.21). Kris te rele Jan pandan li t’ap repare privye ansanm ak papa l’ epi ak frè l’ (v. 22). Depi li tande apèl Jezi a, Jan te annik leve kite privye a, kannòt la, e papa li. Li menm ak Jak te kite tout pou yo swiv Kris.

Jan te youn pami disip yo ki t’ap swiv Jezi. Li te devni yon apòt. Li te fè pati douz (12) moun yo Senyè a te chwazi pou sèvis espesyal (Matye 10.2).

Senyè a te renmen Jan anpil. Pandan yo te bò tab, se te Jan ki te konn chita kòtakòt avèk Jezi (Matye 13.23). Li te panche bò zòrèy Jezi lè yo t’ap manje ansanm dènye fwa a (Matye 21.20). Nou wè Senyè a te asepte Jan kòm youn pami twa (3) disip yo ki te pi espesyal pou Li, pi pwòch. Jan te asiste yon seri bagay ki te pèmèt li temwaye sou ki travay Kris te fè. Li te la pou wè Jezi ap soufri nan Jaden Jetsemane a (Matye 26.36). Li te la lè Jezi te leve pitit fi Jayiris la (Lik 8.51). Lè Jezi te transfòme sou tèt mòn lan, lè figi Li te vin klere epi rad Li yo te blanch tankou limyè, Jan te la pou asiste sa tou (Matye 17.1–4).

Poutèt amou Li te genyen pou Jezi, Jan te swiv Senyè a lè chèf yo te antre lakay Kayif avèk Li. Li te swiv Li rive sou mòn Kalvè andeyò lavil Jerizalèm kote yo te touye Li. Se te la a, pandan Senyè a te pandye sou kwa a, Li te fè aranjman pou Jan pran manman Li lakay li. Li te fè manman L’ konnen Jan se pitit li kounyeya, epi Li te di Jan konsa : « Men manman ou » (Jan 19.27).

Jan te sitèlman santi yon chalè apre li te fin pran nouvèl rezirèksyon an, li te kouri ale nan kavo a, epi nan kouri rapid la li te kite Pyè dèyè nèt. Sa montre nou kijan Jan te renmen Senyè a ki te mouri tou lèd devan je li, ki te mouri tou izole paske tout zanmi Li yo te abandone Li (Jan 20.4).

Se te kèk ane apre sa Jan te chita ekri liv Levanjil li a. Li te ekri li pou l’ te ka demanti yon seri erè de (2) moun t’ap simen. Moun sa yo se te Ebion epi Cerinthus. Yo t’ap di Jezi pa t’ Bondye. Men kijan Jan te chwazi derape liv Levanjil pa li a : « Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan kòmansman an. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t’ gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Pawòl la tounen moun… » (Jan 1.1–14). Nan pasaj sa a, Jan ede nou konprann kijan sa te ye lè Pitit Bondye a te pran fòm moun pou Li vini sou latè. Se pou Li tout lwanj epi tout glwa pou toutan ! Amèn !

Nan liv levanjil li te ekri a, Jan pa site pwòp non pa li a. Lè li vle pale sou tèt li, li toujou di li se disip: « …Jezi te renmen an » (Jan 13.23 ; 20.2 ; 21.20). Senyè a te genyen yon amou espesyal pou Jan.

Men, dèske se volonte Bondye pou Li pèmèt pitit Li yo pase anpil tribilasyon ak touman pou yo rive nan glwa Bondye a, bon zanmi sa a pa t’ap chape anba traka. Pandan tout rès lavi li, Jan te pase anba prèv. Li te soufri, menm jan Senyè a te deja esplike pou li : « N’a bwè nan menm gode Mwen pral bwè a, epi n’a resevwa menm batèm Mwen pral resevwa a » (Mak 10.39). Avèk pawòl sa a, Jezi t’ap fè Jan konnen li pral soufri epi li pral sibi traka menm jan ak Kris.

Pi devan, bagay sa yo te reyalize vre nan lavi Jan. Gen ansyen dokiman ki ta fè nou konprann yo te jete Jan nan yon lwil tou cho pandan li te lavil Wòm. Selon istwa a, Bondye te delivre li anba bagay sa a. Nou pa fin konnen si istwa sa a se vre. Men, gen bagay Bib la ban nou byen klè. Nou konnen byen Jan te pase anpil tan sou yon zile ki te tankou yon dezè. Yo te rele l’ Patmos. Chèf yo te voye Jan soufri la pou kont li kòm pinisyon dèske li t’ap plede temwaye pou Jezi Kris. Men kisa Jan te ekri pou tèt pa li sou bagay sa yo : « Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M’ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki wa a, kit se pasyans Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon zile yo rele Patmos pou prizon paske mwen t’ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te montre a » (Revelasyon 1.9).

Kilès ki te voye li sou zile a epi nan ki kontèks yo te voye li se bagay ki pa ekri nan Bib la. Sèl sa nou konnen, yo te egzile li paske li t’ap pale Pawòl Bondye. Men, genyen ansyen dokiman ki deklare se te Anperè Domisyen ki te voye Jan sou zile a nan lanne 97 anviwon. Anperè a te fache ak Jan paske Jan t’ap preche Pawòl Bondye a, paske li t’ap di Jezi se Pitit Bondye a. Se pou rezon sa a Domisyen te kondane Jan pou li soufri sou zile a.

Zile Patmos la sitiye nan mitan lanmè Mediterane. Konsa, li sitiye ant Azi ak Lagrès. Gen anviwon 250 kilomèt ki separe l’ avèk Jerizalèm, nan direksyon nòdwès. Sou zile sa a, Jan te izole. Ta sanble li te prèske pou kont li nèt ale. Ansanm avè l’ sou zile a te genyen yon seri bèt ki te ka touye l’ si yo te mòde li. Men, Bondye te avèk Jan nan sityasyon difisil sa a. Li te konsole l’. Se pandan Jan te pou kont li nan vye sityasyon sa a Bondye te devwale bèl revelasyon, yon seri bèl lide konsènan syèl la epi kondisyon legliz la nan dènye tan yo.

Se te la a, sou zile a, Jan te ekri liv Revelasyon an (Apokalips). Se yon gwo liv enpòtan. Li chaje pwofesi ki sòti nan syèl la epi ki vre. Jan t’ap ekri sou sa Bondye te fè li wè nan vizyon, nan rèv. Genyen nan pwofesi yo ki fin akonpli deja jounen jodi a. Genyen lòt ankò ki pi devan toujou.

Pandan jou a t’ap avanse pou Jan delivre anba traka lavi sa a, Senyè a te pale avè l’ sou zile a. Li te di : « Wi, M’ap vin talè konsa ! Amen. » Avèk nanm li tou an repo, Jan te reponn : « Vini non, Senyè Jezi ! » (Revelasyon 22.20).

Lè Anperè Domisyen te mouri, se te Nerva ki te pran plas li. Yo te delivre Jan lè sa a, epi yo te voye l’ nan lavil Efèz kote li te deja jwe wòl pastè nan legliz la. Selon istwa yo, sa te fèt nan lanne 99. Donk, ta sanble Jan te fè dezan (2) sou zile a. Ansyen dokiman yo fè nou konprann Jan te soufri anpil lòt bagay ankò apre sa, pou non Kris la. Sanble yo te fòse li bwè pwazon, men pwazon an pa t’ fè li anyen paske Kris te avèk li. Alafen, Jan te mouri nan lapè pandan li te toujou nan lavil Efèz. Se te pandan Anperè Trajan te sou pouvwa. Sa vle di Jan te pase senkanteyen (51) ane nan sèvis Bòn Nouvèl la. Li te genyen katreven (80) ane sou tèt li lè li te mouri. Jan te devwe pou Jezi Kris, epi limyè li te klere byen… sou kontinan Azi epi sou tout late.

~ Istwa sa a sòti nan yon liv ki rele Martyr's Mirror (Glas Mati yo).

Procurar

Recursos

Portuguese

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.