Ressources Anabaptistes Logo

Chemen Kayen

Duane Eby

Publicadora La Merced | лют. 17, 2026

Short Article

Nan ti lèt li te ekri a, Apòt Jid avèti nou sou kijan nou riske pèdi lafwa yo te ban nou an. Li te peze sou kijan li enpòtan pou nou defann lafwa sa a. Li anseye nou sou kijan sila yo ki pa lite pou yo kanpe djanm sou doktrin, yo riske twonpe, epi yo riske pèdi lafwa. Ti lèt kout li te ekri a ki fè pati Nouvo Kontra a detaye pou nou kijan lit sa a se yon bagay serye li ye. Pou Jid te ka esplike danje a ki te anfas kwayan yo, pou li te kapab voye limyè sou fo pwofesè yo ki te deja fofile antre kò yo andedan legliz, Jid te chwazi itilize kèk egzanp ki sòti nan Ansyen Kontra a. Pou etid sa a, nou vle fokis sou Kayen, pitit gason Adan ak Ev (gade Jid 11). Ki leson apòt la vle anseye nou nan istwa Kayen an ?

N’ap viv nan yon monn kote de (2) wayòm diferan egziste. Yon bò, se wayòm syèl la. Se yon wayòm jistis li ye. Wa a se Jezi Kris. Se Li ki Wa sou tèt tout wa 5 yo. Yon lòt bò, se wayòm monn sa a. Se yon wayòm tenèb. Alatèt wayòm sa a se Satan. Se li ki prens sou tèt vye pisans yo.

De (2) wayòm sa yo opoze youn ak lòt. Yon batay espirityèl egziste san rete nan mitan yo. Wayòm Bondye a resevwa menas divès fason, se paske lènmi an anvi detwi nenpòt moun li kapab. Kèk nan atak sa yo sòti dirèk nan moun k’ap swiv lènmi an san kache anyen. Ladan yo genyen moun k’ap sèvi Satan, genyen divinò, genyen ate. Men, pi gwo atak yo sòti nan moun ki swadizan relijye, ki di yo konnen Bondye men ki pa fè zèv pou sipòte deklarasyon sa a. Se yon seri moun ki di yo kwè nan Bondye, men anmenmtan yo mete nan tèt yo yo kapab sèvi Bondye jan yo deside.

Jid fè nou konnen fo pwofèt yo ki fofile antre andedan legliz la se moun k’ap swiv chemen Kayen yo ye. Pou n’ ka pi byen konprann « chemen Kayen, » ann gade sa Bib la di sou li nan liv Jenèz chapit 4.

Bondye te kreye Adan ak Ev, epi Li te mete yo nan Jaden Edenn lan. Tout bagay te byen bèl epi san defo jouk yo te dezobeyi lòd Bondye pou yo pa manje nan pyebwa ki fè konnen byen ak mal la. Bondye te deja avèti yo y’ap mouri depi yo dezobeyi kòmandman Li a. Tout bon vre, lanmò te antre ni sou yo ni sou lemonn antye. De (2) pitit gason Adan yo, Kayen ak Abèl, te fèt avèk yon nati ki te panche vè rebelyon ak peche. Abèl te gade mouton, epi Kayen te travay tè. Toude te nan bèl travay nòb. Se pwobab toude te resevwa enstriksyon sou sèvis Bondye, sou kijan yo dwe adore Li. Men, te gen yon gwo diferans ant Kayen ak Abèl. Abèl te dwat, epi li te genyen lafwa (Matye 23.35; Ebre 11.4). Kayen te mechan, epi zèv li yo te kwochi (1 Jan 3.12).

Yon bon jou, Kayen ak Abèl te pote ofrann bay Bondye. Yo chak te pote yon bagay. Abèl te pote yon mouton byen gra ki te sòti nan twoupo li t’ap okipe a. Kayen te pote kèk fwi ki sòti nan jaden l’. Bib la pa detaye pou ki rezon Bondye pa t’ pran plezi nan ofrann Kayen an, men li pale klè sou kijan Kayen te resevwa nouvèl la. Li te move anpil. Li te mare figi l’ byen mare. Se te lanvi ak jalouzi ki t’ap manifeste, jan sa konn fèt lè konsyans yon moun ap pike li. Èske Kayen te fache ak Bondye paske Bondye pa t’ asepte ofrann lan ? Osinon, èske li te fache ak Abèl pito, poutèt Bondye te pran plezi nan Abèl epi nan ofrann li te bay la ?

Bondye te pale avèk Kayen. Avèk pasyans, Li te ofri Kayen yon dezyèm chans. Kayen te fè mal se vre, men Bondye te ba li chans pou li repanti epi pou li korije mal la. Men, Kayen pa t’ vle. Li te kite kòlè pote l’ ale, epi li te touye frè l’. Ki leson nou kapab tire nan istwa sa a ? Ki bon bagay « chemen Kayen » an kapab montre nou ?

Dabò, se klè Kayen pa t’ swiv enstriksyon Bondye te ba yo pou ofrann, menm si nou pa genyen detay sou kijan li pa t’ swiv. Nou wè sa paske Bondye pa t’ kontan avèk ni Kayen, ni ofrann li an. Nenpòt jan sa te ye, nou kapab di Kayen pa t’ okipe kòmandman Bondye a. Petèt li te mete nan tèt li se fason pa l’ ki pi bon, epi petèt li te mete nan tèt li Bondye ap dakò avè l’ kanmenm. Li te chwazi swiv pwòp chemen pa li, pase pou li chwazi swiv kòmandman Bondye a. Se pwobab li te deja konn fè menm erè sa souvan. Kounyeya, dèske Bondye te eseye korije li, li pa t’ asepte koreksyon an. Akòz lògèy ak rebelyon, li pa t’ imilye tèt li pou li te ka korije. Paske li te reziste devan direksyon Bondye a nan lavi li, yon premye peche te mennen li komèt pi gwo zak toujou, jouk li leve men l’ pou li touye frè l’ epi bay manti pou kache sa.

Kijan lavi Kayen an paralèl avèk fo pwofèt yo Jid ap pale nan lèt li te ekri a ? Nou pa konnen si Kayen te genyen yon pwoblèm ak fanmi li depi anvan evènman sa a. Li ta sanble li te fè pati fanmi an byen pwòp. Li te pote yon ofrann tankou lòt yo. Li ta sanble li t’ap chache favè Bondye. Men, li pa t’ dakò swiv sa Bondye te deja anseye li ; ki vle di, li te kòmanse sèvi Bondye nan fason pa li pito. Li te anvi fè sa ki te fè sans pou li. Li te pito satisfè tèt li pase pou li eseye satisfè Bondye. Avèk ofrann li te ofri a, li pa t’ aji avèk lafwa. Li te dezobeyi kòmandman Bondye. Bib la fè nou konnen yon bagay : san konfyans nan Bondye, nou pa kapab fè Bondye plezi (Ebre 11.6). Selon 1 Jan 3.12, Kayen te touye frè l’ paske sa (Kayen) t’ap fè a pa t’ bon. Selon Ebre 11.4, Abèl te ofri Bondye yon « ofrann ki pi bon pase pa Kayen an. » Sa fè nou santi Kayen te ofri yon bagay, men li pa t’ ofri l’ avèk lafwa. Selon Jak 2.26, konfyans pa vo anyen si l’ pa mache ak sa ou fè ki byen. Konfyans ki mouri se konfyans ki pa vo anyen, lè sa a li pa lafwa toutbon. Kayen pa t’ sèlman fè yon bagay ki mal nan je Bondye, men li te refize koreksyon, e li te pèsiste nan pwòp chemen pa l’. Epitou, li te plede bay eskiz pou sa li te fè a. Li pa t’ vle pran reskonsabilite pou aksyon li yo.

Bib la avèti nou, nan dènye jou yo moun ki pa swiv Bondye yo va sanble avèk Kayen. Men sa Apòt Pòl di nou nan 2 Timote 3.2–5 : « Moun pral fè rayisab, y’ap renmen lajan, y’ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y’ap pale Bondye mal, y’ap dezobeyi papa ak manman yo, y’ap engra, y’ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y’ap san pitye, y’ap pale moun mal, y’ap fè gwo kòlè, y’ap brital. Yo p’ap vle wè sa ki byen menm. Y’a mòde an trèt, y’a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y’ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y’ap fè tankou y’ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm. » Jid pale sou kijan nou ka jwenn moun legliz ki tankou Kayen tou.

Legliz jodi a oblije deside kijan y’ap jere moun ki pa vle asepte Pawòl Bondye a kòm otorite, kòm chèf lavi yo. Genyen anpil moun ki kwè Bib la genyen verite Bondye ladann, men yo pa dakò asepte Pawòl Li kòm otorite final la. Yo gen odas antre nan negosyasyon ak Bondye. Yo plede avèk Pawòl Li a. Yo chache pwòp chemen pa yo pou yo sèvi Bondye, epi yo kwè gras Bondye a kouvri tout dezobeyisans.

Genyen lòt ankò ki konprann relasyon yo genyen ak Bondye se bagay prive nèt li ye. Pèsonn pa bezwen konnen anyen nan sa. Depi yon frè parèt pou li eseye ede yo fè pwogrè sou tèl pwen, yo deja fache. Yo vle viv jan yo vle viv, epi piga moun rale zòrèy yo. Dapre yo, chak moun deside pou kont li kijan li dwe viv lavi li devan Kris. Anvan lontan, legliz la kontamine ak tout kalite peche, epi prensip lemonn anvayi l’. Lide de (2) wayòm yo tou elimine. Lènmi an pwofite sa pou li avanse pwòp plan pa li anndan legliz la. Ti pa ti pa, legliz la mache anvè apostazi. L’ap pèdi lavi espirityèlman. Se konnen yo pa konnen : « lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye ! » (Jak 4.4).

Jodi a, menm jan avèk epòk kote Jid t’ap viv la, li enpòtan pou nou konprann ki danje ki mache avèk fo pwofesè yo. Jid fè nou konnen kalite moun sa yo fofile antre nan legliz san moun pa menm konnen. Moun sa yo genyen gwo enfliyans, epi si legliz la pa rekonèt yo, y’a gentan kondwi legliz la nan twou. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou sezi avètisman an byen. Se pou nou lite pou n’ defann vrè doktrin ak vrè pratik yo Bib la anseye nou.

Men, kijan nou kapab pi byen lite pou n’ defann lafwa tout bon an kont pakèt menas yo ki anfas nou ? Ann gade plizyè bagay ki ka ede nou nan sa.

Dabò, fòk nou byen klè nan fon kè nou se yon sèl Bondye ki Bondye, ki vivan, ki etènèl, ki prezan, epi ki ban nou Pawòl Li kòm deklarasyon final ki depase tout lòt. Nou dwe kwè Pawòl Bondye pa gen defo lakay li, epi Pawòl Bondye detaye volonte Bondye pou lavi nou. Nou dwe kwè Bondye egzije obeyisans anvè kòmandman Li ki nan Pawòl Li, epi nou pa kapab fè deba avè L’ sou sa Li anseye. Nou dwe konprann se NOU ki pou akòde nou avèk sa Pawòl la mande, se pa Pawòl la ki dwe akòde avèk nou. Fòk nou dakò nou pa kapab viv selon fantezi, ni selon pwòp refleksyon pa nou yo.

Donk, nou dwe kwè legliz la se kò Kris la li ye, epi se volonte Bondye pou nou chak patisipe nan yon asanble lokal, nan yon gwoup kwayan kote chak grenn moun ap chache swiv chemen Bondye trase devan li a. Nou reskonsab youn lòt, epi nou gen devwa pou nou youn edifye lòt. Nou anba egzijans pou n’ obeyi Pawòl Bondye a. Depi yon manm pèsiste nan peche epi li pa repanti, li deyò fratènite a. Se paske legliz la se kò Jezi li ye, epi fòk legliz la rete pwòp, apa pou Bondye.

Pou fini, chak moun k’ap swiv Kris dwe viv anba gras Jezi epi anba pisans Jezi. Chak kwayan dwe ranpli avèk gras Li epi avèk Sentespri a. Depi frè ak sè yo viv annakò avèk pisans Kris la, depi yo genyen viktwa sou peche, lemonn ansanm ak tout fo pwofèt yo p’ap ka jwenn okenn kote pou yo kanpe pou yo pale Levanjil la mal. Depi ak frè sè yo k’ap swiv Kris ap mennen yon vi ki pwòp epi ki sen, depi fanmi yo genyen amoni avèk lapè, se yon vre temwanyaj ki montre pisans Bondye a. Sa demontre kijan Bòn Nouvèl la efikas. Toutotan gen renmen nan mitan frè ak sè yo, lemonn ap pran nòt sou sa. Se temwanyaj sa a ki pi gwo defans lan pou lafwa tout bon an.

Tankou moun k’ap swiv Kris, li enpòtan pou nou egzaminen lavi nou pou n’ wè si genyen kèk ti tras ki sanble avèk Kayen ki prezan nan atitid nou yo. Èske genyen prèv ki montre « chemen Kayen » an enfekte nou ? Bon jan evalyasyon pèsonèl se yon lòt fason pou nou defann lafwa nou. Fòk nou toujou veyatif pou atitid Kayen an pa fofile antre anndan legliz la. Nou reskonsab youn lòt. Si lòt yo remake kèk feblès ki prezan lakay nou, nou dwe di yo mèsi dèske y’ap ede nou espirityèlman. Konsa tou, si nou remake kèk feblès ki prezan lakay lòt yo, nou reskonsab pou n’ sèvi kòm zouti nan men Bondye pou n’ ede yo wè limyè a. Fòk nou se zouti ki toujou mennen gras, ki toujou mennen rekonsilyasyon.

Chercher

Les Ressources

Français

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.