Anabaptist Resources Logo

Atake Pwoblèm Lan Depi Nan Rasin Li Yo

Publicadora La Merced | Feb 17, 2026

Short Article

Pa twò lontan, mwen t’ap li nan yon jounal. Yo t’ap pale sou yon gwoup senatè ak lòt chèf ankò ki te fè yon rankont nan Akennsa, Etazini. Yo te reyini yon gwoup elèv lekòl ansanm ak divès direktè lekòl pou yo adrese yon pwoblèm serye. Yo t’ap pale sou gwosès pami jenn timoun lekòl. Anpil kote, yo renmen distribiye prezèvatif bay jenn timoun lekòl pou ede yo pwoteje tèt yo. Men, nan rankont yo t’ap pale nan jounal la, jenn yo pa t’ gade sa kòm yon solisyon pou pwoblèm lan. Olye sa, yo te di pwoblèm lan se yon mank enfòmasyon nan lekòl yo. Lekòl yo te dwe edike elèv yo plis sou seksyalite.

Nan jounal la, mwen te wè yon sitasyon ki te enterese m’. Se te youn pami jenn yo ki te deklare : « Nan zòn lakay mwen an, nou bezwen plis distraksyon, plis aktivite lwazi pou jenn yo. »

Sa te pouse m’ reflechi. Si jennonm sa a se te pitit pa m’ li te ye, mwen t’ap bourike l’ avèk yon pakèt travay. Chak jou li t’ap chaje okipasyon. Lè sa a, nan fen jounen an, li t’ap chache kabann li pou li dòmi. Li pa t’ap rete okenn kouraj ankò pou li anvi mache.

Nan jounal la, yo te diskite kòz yo ki dèyè pwoblèm lan, epi yo te eseye chache solisyon. Men, yo pa t’ janm atake rasin pwoblèm lan. Men yon egzanp : Yo pa t’ menm pale sou pònografi. Li ta sanble senatè sa yo avèk direktè lekòl sa yo pa t’ konprann yon jenn moun ki benyen nan pònografi se yon jenn moun ki pa ekilibre moralman.

Ni yo pa t’ pale sou kijan jenn yo renmen abiye mal. Sa se yon fè reyèl : rad ki atire je moun epi konpòtman fi sa yo ki renmen « bay cho » avèk kò yo rann pwoblèm kadejak la pi grav toujou. Konbyen jenn fi ki te kapab evite menas osinon vyolans seksyèl si yo te annik abiye yo pi byen ? Sa n’ap di la pa retire okenn chaj sou do kadejakè a. Peche a sou kont li. Anmenmtan, yon fi ki chwazi jwe ak dife, ki chwazi ekspoze kò li devan moun, fòk li asepte tò pa li tou.

Ta sanble nan rankont lan yo pa t’ pale sou yon seri relasyon ant gason ak fi kote jenn yo twò pwòch youn ak lòt. Relasyon sa yo fasil mennen jenn yo nan karese. Mwen sonje byen alepòk lè yo te apenn ajoute edikasyon seksyèl nan kourikoulòm lekòl Etazini yo. Anpil moun te deklare sa pral rezoud pwoblèm inyorans lan. Yo te kanpe pou di pral genyen mwens ka maladi ki transmèt seksyèlman. Yo te di pral genyen mwens pwoblèm ak jenn moun ki ansent anvan lè. Anpil ane gentan pase depi gwo chanjman sa a te fèt nan edikasyon ti Ameriken yo. Men, pwoblèm yo ap grandi toujou, epi se avèk yon vitès ki ka fè tèt ou vire. Sa ki pi mal la, genyen moun jounen jodi a ki renmen kanpe pou di se plis edikasyon toujou nan lekòl yo k’ap rezoud pwoblèm lan.1

Nan rankont sa a, yo pa t’ pale sou domaj ki vini apati teyori evolisyon an y’ap plede anseye nan lekòl yo. Jounen jodi a, nan lekòl Etazini yo, pwofesè yo ap fè timoun yo konprann yo se bèt ki avanse anpil, e yo pa plis pase sa. Dapre yo, istwa kreyasyon an nan liv Jenèz la se yon manti li ye, yon manti pèp Jwif la ban nou. Nan ka sa a, èske nou dwe sezi lè jenn yo konpòte yo yon fason ki ta fè yon bèt wont ?

Se nòmal yo pa t’ touche pwen disiplin nan rankont sa a. Timoun yo manke disiplin jodi a. Moun yo konsidere pinisyon kòporèl kòm yon mal depi kèk jou, epi kounyeya yo entèdi bagay konsa menm. Yon doktè ki te rele Spock te deklare depi ou kale yon timoun, se yon tò ou fè li. Ou deranje sante mantal timoun lan.

Alafen, m’ap note yon bagay ki pa dwe nan dènye plas la paske se pa li ki pi piti. Men, nan rankont yo te fè sou seksyalite a, yo pa t’ pale sou kòmandman Bondye yo, sou lalwa Li te etabli yo pou regle kèsyon sa yo. Si majorite lekòl yo inyore sa Bib la di, si pi gwo chèf yo rete bouch pe sou sa Bib la di, ki kote sa pral mennen nou ?

Mwen poko menm site gwo enfliyans ki sòti nan mizik, nan televizyon, epi nan dwòg. Yo tout kontribye. Lemonn anfas gwo pwoblèm lou. Sosyete a ap dejenere rapidman. Y’ap kontinye dejenere toujou toutotan nou plede gade yon seri vye sous kòmsi n’ap jwenn solisyon ladan yo. Si sosyete a pa gen ase entegrite moral pou li atake vre rasin pwoblèm yo, nou kondane pou n’ detwi tèt nou.

~Otè enkonni

  1. Anpil moun pa konsyan, men seksyalite se bagay moun dwe aprann depi lakay yo. Se devwa chak paran pou enfòme timoun yo nan lè ki kòrèk la. Malerezman, anpil paran pa fè l’. Pa twò lontan yon gwo jounal nan peyi Kostarika te konfese se pa pwofesè lekòl ki ta dwe ap enfòme jenn yo sou afè sèks. Anmenmtan, yo te konsyan paran yo kontinye wè sijè a kòm yon bagay yo mal pou pale jouk yo refize pran reskonsabilite pa yo pou fòme timoun yo annegad seksyalite. Poutèt sa, pwofesè yo twouve li nesesè pou yo asepte tach la. Sonje byen, lemonn pa genyen okenn solisyon pou pwoblèm sa yo. Yo p’ap janm genyen solisyon nonplis.

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.