Nan lemonn jodi a, solèy la gentan kouche !
Mechanste kouvri nou tankou yon dra fènwa. Byen petèt, nan tout istwa lòm sou latè, epòk pa nou an san parèy. Vyolans ak lagè detwi lapè, epi yo rann moun pè. Alkòl, dwòg, ak sigarèt touye moun plis toujou pase lagè. Imoralite rive nan yon nivo enkwayab. SIDA kòmanse sanble yon epidemi. Divòs ap fè moun pèdi kouraj : ni gason, ni fanm, ni timoun. Twoub ekonomik kreye yon sityasyon kote moun egoyis ap goumen ak moun ki gen lanvi. Relijyon mele tou. Li chaje ti klan. Li chaje konpetisyon. Li chaje eskandal. Se doktrin lòm kreye yo ki pran devan.
Nan fènwa sa yo, moun ap tatonnen. Yo bezwen limyè. Nan chache y’ap chache, yo gentan mete konfyans yo nan politik, men politik jete yo atè. Yo gentan mete konfyans yo nan edikasyon, men enstitisyon yo pa montre moun kòman pou yo viv. Yo gentan konfye plezi, men sa pa ka satisfè yo. Relijyon fè yo pèdi espwa. Richès rann yo vid andedan. Toupatou genyen konfizyon, ak laperèz. Se kòmsi yon ti gout dlo ankò ap ranvèse vaz la. Se lannwit. Solèy la gentan kouche.
Men, nou pote yon nouvèl ki bon ! Genyen limyè ! Genyen solisyon !
Jezi te di : « Se Mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv Mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa » (Jan 8.12).
Jezi Kris te vini sou tè sa a tankou yon flanbo verite. Verite a se Pawòl Li. Se sa ki gide nou jouk nou rive jwenn solisyon pou nenpòt pwoblèm nou genyen. Men sa ki ekri nan Sòm 119.105 : « Pawòl Ou se yon chandèl ki fè m’ wè kote m’ap mete pye m’, se yon limyè k’ap klere chemen mwen. » Vèse 130 di konsa : « Eksplikasyon nou jwenn nan pawòl Ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. »
Men sa Apòt Pyè te ekri yon lè : « …Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k’ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou » (2 Pyè 1.19). Jezi se « zetwal ki klere chak maten an. » Depi Li viv nan kè nou, gen limyè tout bon. Se konsa nou kapab mache nan monn sa a avèk konfyans, avèk trankilite, avèk espwa. Se konsa pisans tenèb yo p’ap kapab domine sou nou, se paske Limyè a pi fò pase tenèb la. « Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t’ resevwa Li » (Jan 1.5).
Jezi kite sèvitè li yo avèk yon tach pou yo leve flanbo verite a (Pawòl Bondye a), pou yo goumen ak kouraj kont pisans tenèb yo ki rann moun esklav. Pou n’ fè travay pa nou an, nou prezante ti jounal sa a devan ou. Sa nou ta renmen se pou Bondye itilize ti piblikasyon sa a kòm yon flanbo nan mitan yon monn ki plen fènwa. Nou ta byen renmen pou limyè Bòn Nouvèl Jezi Kris la repouse fènwa tout kote jounal sa a rive. Nou vle Flanbo Verite A sèvi kòm yon ankourajman pou sila yo k’ap lite kont mechanste, pou li sèvi kòm yon sous bon doktrin pami kwayan yo, pou li klere sila yo k’ap tatonnen nan fènwa toujou, epi pou li glorifye Bondye, « Bondye ki kreye tout limyè » (Jak 1.17).
Soti nan: Flanbo Verite A (Janvye - Fevriye 2021)