Nan mo ki fasil pou konprann, men 101 pi bèl istwa ki sòti nan Bib la ke timoun toupatou nan monn lan renmen. Istwa Biblik toujou bon nenpòt kilè, e yo se verite. Nou swete Bondye va itilize istwa yo ki nan liv sa pou ankouraje ou ak pitit ou!
Si ou se yon manman, ti etid sa yo sou yon bon manman kapab yon pi gwo èd pou ou. Yo kapab ede w’ devni yon bon manman toutbonvre. Senkannde (52) etid sa yo bay bon jan konsèy biblik. Se pou Bondye beni ou avèk anpil kapasite, epi avèk anpil enèji pandan w’ap fòme lavi pitit ou yo.
Ou se yon papa. Se pa nenpòt papa konsa konsa, men ou se papa pi bèl timoun yo ki genyen—pitit pa ou yo. Relasyon sa a pral dire toutotan nou toujou vivan. Pèsonn pa ka pran plas sa a nan lavi pitit ou yo. Liv sa a gen senkannde (52) leson ladan l’ ki pral ede ou reyisi nan travay nòb sa a.
Etid sa a pral ouvri je ou sou Ansyen Kontra a. Li pral ouvri je ou sou Jezi. Fèt atansyon ! Paske ak etid sa a, ou ka tonbe damou pou Bondye ! Se Li menm ki te deklare : « Y’a mete yon kote apa pou Mwen pou M’ ka vin rete nan mitan yo » (Egzòd 25.8).
Kiyès Bondye ye ? Kijan nou ka vin jwenn repo nan Li ? Liv sa a, va eksplike kòman Bib La te fè vin egziste, poukisa yo rele Bib La Pawòl Bondye a ? Kòman peche te fè antre nan lemonn ? Kòman nou kapab jwenn delivrans nan peche e kòman nou kapab konnen verite sou Jezi Kri ki se sovè tout limanite.
Kat premye leson yo nan liv sa a, bay chemen pou moun ki poko sove a jwenn delivrans nan Jezi Kris. Yo gen entansyon tou pou gide yon moun kreye yon Plan Biznis debaz pou yon ti biznis. Rès leson yo anseye kouman nou dwe viv lafwa nou nan mitan moun e bay ti komèsan konsèy pou lavi chak jou yo.